current location : Lyricf.com
/
Songs
/
Sous le ciel de Paris [French [Haitian Creole] translation]
Sous le ciel de Paris [French [Haitian Creole] translation]
turnover time:2024-05-05 16:43:58
Sous le ciel de Paris [French [Haitian Creole] translation]

Anba syèl Pari a

Yon chanson ap vole

Li fèt jodi a

Anndan kè

Yon gason

Anba syèl Pari a

Koup yo

Ap mache

Y ap bati

Lajwa

Sou lè yo fè pou yo

Sou Pon Bercy an

Yon filozòf chita

De mizisyen

Kèk espektatè

Epi plizyè

Moun

Anba syèl Pari a

Pral chante jis pou

Aswè a

Im yon pèp ki nan renmen

Avèk ansyen vil pa yo a

Toupre Notre-Dame nan pafwa yon dram eklate

Wi men nan Paname

Nou ka rezoud tout bagay

Kèk reyon solèy nan sezon ete

Akòdeyon yon maren

Lespwa bay flè

Nan syèl Pari a

Anba syèl Pari a

Yon rivyè kontan ap koule

Li dòmi pandan lannuit lan

Vakabon yo ansanm ak mal brase yo

Anba syèl Pari a

Zwazo ki pou Bondye

Vini soti

lemonnantye

Pou pale youn ak lòt

Epi syèl Pari a

Kenbe yon sekrè

Sa fè ven syèk depi li damou

Pou zile Saint-Louis

Lè l souri l

Li mete yon rad ble

Lè l kriye sou Pari

Se lè l

Pa kontan

Lè l twò jalou

De tout milyon moun ki

Renmen l

Li reprimande n

Zeklè l eklate

Men syèl Pari a

Pa rete fache anpil

Pou l mande nou padon

Li ofri yon lakansyèl

Comments
Welcome to Lyricf comments! Please keep conversations courteous and on-topic. To fosterproductive and respectful conversations, you may see comments from our Community Managers.
Sign up to post
Sort by
Show More Comments
Édith Piaf
  • country:France
  • Languages:French, English, Spanish, German
  • Genre:Pop, Singer-songwriter
  • Official site:http://www.edithpiaf.com/
  • Wiki:https://fr.wikipedia.org/wiki/Édith_Piaf
Édith Piaf
Latest update
Copyright 2023-2024 - www.lyricf.com All Rights Reserved