current location : Lyricf.com
/
Songs
/
Je lui dirai [French [Haitian Creole] translation]
Je lui dirai [French [Haitian Creole] translation]
turnover time:2024-04-28 06:44:05
Je lui dirai [French [Haitian Creole] translation]

Mwen va di li ke li fèt nan peyi sa a

Kote granpè li t'ape koupe bwa

Ke nan san li

Loryan ap koule tou

Ke melanj ras yo ka fè bèl timoun

Ke li fò e byen vivan

Mwen va di li ke li fèt nan lanmou

Ke nou t'ap tann li avèk pasyon

Ke chak lannuit siprime yon nouvo jou

Ke li va grandi men ke li gen tout tan li

O Bondye li gen tout tan li

E ke lavi rele'l ke lemonn ap tann li

Ke latè tèlman bèl epi syèl la tèlman gwo

Li tèlman bèl, mwen renmen'l anpil, ke li se lavi'm ak lajwa'm

Ke li se youn pami tout milyon moun k'ap viv

Men byen espesyal pou mwen

Mwen va di li isiba ou aprann tout bagay

Byen an, mal la e menm bonè

Ke li pa janm pèdi de je inosan li yo

Devan twòp malè avèk twòp grimas

Ke li gade avèk kè li

Mwen va di li pou li saj ak pridan

Pou'l ale flote sou glas ak dife yo

Ke li ka goute tout bagay

Men san li pa janm depann de yo

Ke twòp kapab pi mal ke on ti kras

Oh byen pi mal ke on ti kras

E ke lavi rele'l ke lemonn t'ap tann li

Ke latè tèlman bèl epi syèl la tèlman gwo

Li tèlman bèl mwen renmen'l anpil, li se lavi'm, lajwa'm

Ke li se youn pami tout milyon mon k'ap viv

Men byen espesyal pou mwen

Mwen va di li pil chanson pil powèm

Ke pa gen lanmou san listwa

Ke bonè a se yon grenn ke yo simen

Ke lanmou ak lasante pa sa kab achète

E ke nou rich sèlman ak sa a

Mwen va di li k'on jou

Yon lòt fanm

Ap vin renmen'l e ke li va renmen'l

Ke m'a va mouri ak lajwa

ak flo nan je

Men ke n'ap la pa apre pa

Ke se lavi ak lalwa

E ke lavi rele'l ke lemonn t'ap tann li

Ke latè tèlman bèl epi syèl la tèlman gwo

Ke li bèl, ke mwen renmen'l anpil, ke li se lavi'm, lajwa'm

Ke li se youn pami tout milyon moun k'ap viv

Men byen espesyal pou mwen

Li tèlman bèl ke mwen renmen'l

Ke pi lwen sa'k mistè

Li se pi bèl rezon pou'm viv

Repons mwen alenfini

Comments
Welcome to Lyricf comments! Please keep conversations courteous and on-topic. To fosterproductive and respectful conversations, you may see comments from our Community Managers.
Sign up to post
Sort by
Show More Comments
Céline Dion
  • country:Canada
  • Languages:English, French, Spanish, German+2 more, Neapolitan, Japanese
  • Genre:Pop, Pop-Rock
  • Official site:http://www.celinedion.com/
  • Wiki:https://en.wikipedia.org/wiki/Céline_Dion
Céline Dion
Latest update
Copyright 2023-2024 - www.lyricf.com All Rights Reserved