current location : Lyricf.com
/
Songs
/
Parler à mon père [French [Haitian Creole] translation]
Parler à mon père [French [Haitian Creole] translation]
turnover time:2024-04-29 12:15:03
Parler à mon père [French [Haitian Creole] translation]

Mwen ta vle oubliye tan an

Pou yon soupi pou yon moman

Yon ti diskisyon apre kous la

Epi ale kote k'èm ap mennen'm.

M' ta vle jwenn orijin mwen yo

Kot lavi'm ye, kot plas mwen ye

Epi gade lò ki nan pase mwen an

Lwen imidite nan jaden sekrè'm nan

Mwen ta vle travèse loseyan, kwaze vòl yon gwelan

Panse ak tout sa a ke'm te wè oubyen ale jwenn yon etranje

M'ta anvi gen lalin nan men'm, mwen ta anvi sove latè

Men toudabò, mwen ta vle pale ak papa'm

Pale ak papa'm...

Mwen ta vle chwazi yon bato

Pa sa'k pi gwo an ni pi bèl la

Mwen ta ranpli li ak desen

Ak pil pafen vwayaj mwen yo

Mwen ta vle frennen pou'm chita

Pou'm jwenn nan sèvèl memwa mwen

Pil vwa sila yo'k te aprann mwen

Ke pa genyen sonj entèdi

Mwen ta vle jwenn pil koulè yo, pil tablo ke'm kenbe sou kè'm

Ak dekorasyon nan liy san defo, kote mwen wè'w e'm gen asirans nan

M'ta anvi gen lalin nan men'm, mwen ta anvi sove latè

Men toudabò mwen ta vle pale ak papa'm

Mwen ta vle oubliye tan an

Pou yon soupi pou yon moman

Yon diskisyon apre kous la

Epi ale kot kè'm ap mennen'm

M'ta vle jwenn orijin mwen yo

Kot lavi'm ye, kot plas mwen ye

Epi gade lò ki nan tan pase mwen an

Lwen imidite nan jaden sekrè'm nan

Mwen ta vle pati avèk ou

Mwen ta vle reve avèk ou

Chèche toujou sa'k inaksesib

Espere toujou s'ak enposib

M'ta anvi gen lalin nan men'm

Men pouki m pa ta sove latè

Men toudabò, mwen ta vle pale ak papa'm

Pale ak papa'm...

Mwen ta vle pale ak papa'm

Pale ak papa'm

Comments
Welcome to Lyricf comments! Please keep conversations courteous and on-topic. To fosterproductive and respectful conversations, you may see comments from our Community Managers.
Sign up to post
Sort by
Show More Comments
Céline Dion
  • country:Canada
  • Languages:English, French, Spanish, German+2 more, Neapolitan, Japanese
  • Genre:Pop, Pop-Rock
  • Official site:http://www.celinedion.com/
  • Wiki:https://en.wikipedia.org/wiki/Céline_Dion
Céline Dion
Latest update
Copyright 2023-2024 - www.lyricf.com All Rights Reserved