current location : Lyricf.com
/
Songs
/
On ne change pas [French [Haitian Creole] translation]
On ne change pas [French [Haitian Creole] translation]
turnover time:2024-04-27 19:51:49
On ne change pas [French [Haitian Creole] translation]

Nou pa chanje

Nou djòs mete kostim lòt yo sou nou

Nou pa chanje

On vest djòs kache on tikal de sa a nou wè

Nou pa grandi

Nou djòs fè yon tikal pouse

Nan tan yon rèv, yon sonj epi touche yo ak dwèt men'n

Men nou pa bliye

Timoun nan ki rete, prèske toutouni

Moman inosans nou yo

Lè nou pa't gen lespri

Nou pa chanje

N'ap pran pil van epi rale souf konba yo

Nou pa chanje

Nou youn ap bay lòt chanjman,

nou kwè

Ke nou fè dè chwa

Men si ou grate bò isit

Tou pre laparans ap tranble

On banben ki samble nou

Nou byen konnen ke li la

Nou tande li pafwa

Blablabla arogan li an

Ki sispèk epi k'ap repete:

‹‹Ooo pa abandone'm››

Nou pa janm bliye

Nou toujou gen on jès

Ki revele kiyès nou ye

Yon prens, yon Djak

Anba kouròn nan, yon koudèy

Yon arogans, yon resanblans

On prens oswa on Djak

Mwen tèlman konn sa a

Mwen kopye pil imaj

Ak rèv ke'm te genyen yo

Tout milye rèv sa yo

Men trè trè pre'm

G'on ti fi mèg

K'ap mache vit, strese

Epi k'ap pale avè'm byen ba

Nou pa chanje, nou djòs mete

Kostim lòt yo, bon se konsa

Nou pa chanje, nou djòs kache

Yon moman ki anndan'n

Yon ti fi engra epi poukò'l ap mache

Epi ap reve nan nèj yo pandan l'ap bliye fredi

Si mwen makiye'l

Li fè yon ti disparèt, nan espas tan l'ap gade'm k'ap fè sa a

Epi l'ap pase'm nan rizib

On ti fi

On senp ti fi

On senp ti fi

On senp ti fi

Comments
Welcome to Lyricf comments! Please keep conversations courteous and on-topic. To fosterproductive and respectful conversations, you may see comments from our Community Managers.
Sign up to post
Sort by
Show More Comments
Céline Dion
  • country:Canada
  • Languages:English, French, Spanish, German+2 more, Neapolitan, Japanese
  • Genre:Pop, Pop-Rock
  • Official site:http://www.celinedion.com/
  • Wiki:https://en.wikipedia.org/wiki/Céline_Dion
Céline Dion
Latest update
Copyright 2023-2024 - www.lyricf.com All Rights Reserved