Mwen vle naje nan dlo'w yo
Nan cheve'w ki boukle
Santi kò'w ki mouye
Lè m'ap glise dwèt mwen
Mwen vle gade ou nan je
San doute sou sa m'ap fè a
Mwen vle bo ou sou bouch
Epi pran ou nan de bra'm
Simbi, mwen damou'w, mwen vle ou avèk mwen
Sou tout chimen kote mwen te mache
Yon moun konsa mwen pa te janm rankontre'l
Ou se tout sa a ke mwen vle pou mwen
Mwen pa te janm renmen konsa
Mwen anvi rete avèk ou
E mwen pa kèr de sa ki kòrèk
Paske menm lè mwen lwen pafwa
Mwen santi mwen ankò pi prè
Lannuit m'ap reve pou'm domi
Lajounen mwen leve m'ap reve
Ke yon, mwen a va kote'w
Toulèjou
Simbi, mwen damou'w, mwen vle ou avèk mwen
Sou tout chimen kote mwen te mache
Yon moun konsa, mwen pa te janm rankontre'l
Ou se tout sa ke mwen vle pou mwen
Mwen pa te janm renmen konsa
Simbi, mwen damou'w
Simbi, mwen damou'w
Simbi