current location : Lyricf.com
/
Songs
/
Nossa Senhora [French [Haitian Creole] translation]
Nossa Senhora [French [Haitian Creole] translation]
turnover time:2024-05-17 01:51:12
Nossa Senhora [French [Haitian Creole] translation]

Kouvri'm avèk manto lanmou ou

Kenbe'm nan lapè anba je'w

Geri plè'm yo epi fè'm sipòte doulè a

Ke ròch ki sou wout mwen yo

Pye'm kapab mache sou yo

Menmsi mwen blesse nan pikan ede'm pase

Si lapèn yo rete nan mwen

Wete yo anndan kè'm maman

Epi mwen mande padon bay sila yo ke'm te fè soufri

Si mwen pliye tèt mwen nan doulè

Fè pwa lakwa an lejè pou mwen

Manman, entèsede pou mwen bò kot Jezi

Notredam ban'm lanmen

Proteje kè mwen

Lavi mwen, desten mwen

Notredam ban'm lanmen

Proteje ke mwen

Lavi mwen, desten mwen

Chimen mwen

Proteje mwen

Chak fwa dlo nan je'm ap koule

Poze de men ou sou mwen

Ogmante lafwa'm epi kalme kè mwen

Anpil moun vin fè rekèt y'ap mande

Mizerikòd, padon

Gerizon kò an ak nanm lan, lavi etènèl

Pòv pèche yo ye, o manman

Ki si tèlman bezwen ou

Maman sentete Bondye, gen pitye pou nou

Nou ajenou nan pye'w

Lonje de men ou sou nou

Priye pou nou tout, pou pitit ou yo, pou frè'm yo

Notredam ban'm lanmen

Protreje kè mwen

Lavi mwen, desten mwen,

Chimen mwen

Proteje mwen

Comments
Welcome to Lyricf comments! Please keep conversations courteous and on-topic. To fosterproductive and respectful conversations, you may see comments from our Community Managers.
Sign up to post
Sort by
Show More Comments
Roberto Carlos
  • country:Brazil
  • Languages:Portuguese, Spanish, Italian, English+2 more, French, Hebrew
  • Genre:MPB, R&B/Soul, Rock 'n' Roll
  • Official site:http://www.robertocarlosbraga.com.br/
  • Wiki:https://en.wikipedia.org/wiki/Roberto_Carlos_(singer)
Roberto Carlos
Latest update
Copyright 2023-2024 - www.lyricf.com All Rights Reserved