current location : Lyricf.com
/
Songs
/
Despacito [French [Haitian Creole] translation]
Despacito [French [Haitian Creole] translation]
turnover time:2024-05-01 13:48:24
Despacito [French [Haitian Creole] translation]

Wi, sa fè yon moman depi map gade ou

Mwen vle danse avèk ou (Dy)

Mwen wè zye ou ap relem

Montre mwen chemen an poum ka vini

Ou, ou se leman an e mwen se metal la

Mwen pral raproche ou e elabore yon plan

M annik panse ak sa kèm kòmanse bat vit

Ya, ya avèk ou mwen jwenn plezi plis ke dabitid

Tout sans mwen yo ap mande pi plis

E sa dwe aksepte san pwoblèm

Tou dousman

Mwen anvi respire sant kou ou tou dousman

Pèmèt mwen di ou ti pawòl nan zorèy

Ke wap toujou sonje lè ou pa bò kote

Tou dousman

Mwen vle dezabiye ou avèk bom yo tou dousman

Mete signatim tout mi ki gen nan labirent ou

E fè kò ou tounen yon maniskri (An ale, an ale, an ale)

An ale, an ale(oh)

M vle wèw danse ak cheve ou

M vle tounen ritm ou

Mwen vle ou ansegne bouch mwen

kote ou renmen yo (Preferans ou, preferans bebe)

Kitem depase zòn danje ou yo

Jiskaske ou kriye

E bliye pròp non ou

DY!

Si mwen mande ou yon bo, vini, ban mwen li

Mwen konnen ke wap panse ak sa

Sa fè lontan m anvi fè sa

Manmi, se bam map baw

Ou konnen ke kèw lèw avèm ap fè «boum-boum»

Ou konnen bebe sa ap chèchè «boum-boum» mwen

Vini, goute bouch pou wè sil bon

M vlè, m vlè, m vlè wè kantite lanmou ou genyen

Mwen pa prese, mwen ta renmen fè vwayaj sa

An kòmanse lentman, aprè sa sovajman

Piti piti, tou dousman, tou dousman

Nou pral aproche youn lòt piti piti

Lè ou wap bom byen konsa

Mwen wè malis ou wa delikat anpil

Piti piti, tou dousman, tou dousman

Nou pral aproche youn lòt piti piti

E bote sa se yo pezòl

Men mwen map ranje pyès yo, tande

Tou dousman

Mwen anvi respire sant kou ou tou dousman

Pèmèt mwen di ou ti pawòl nan zorèy

Ke wap toujou sonje lè ou pa bò kote

Tou dousman

Mwen vle dezabiye ou avèk bom yo tou dousman

Mete signatim tout mi ki gen nan labirent ou

E fè kò ou tounen yon maniskri (An ale, an ale, an ale)

An ale, an ale(oh)

M vle wèw danse ak cheve ou

M vle tounen ritm ou

Mwen vle ou ansegne bouch mwen

kote ou renmen yo (Preferans ou, preferans bebe)

Kitem depase zòn danje ou yo

Jiskaske ou kriye

E bliye pròp non ou

Tou dousman

Nou pral fèl nan yon plaj a Pòtoriko

Pou plaj yo ka kriye: « O Bondye »

Pou anprent mwen rete sou ou ( danse)

Piti piti, tou dousman, tou dousman

Nou pral aproche youn lòt piti piti

Mwen vle ou ansegne bouch mwen

Kote ou renmen yo (Preferans ou, preferans bebe)

Piti piti, tou dousman, tou dousman

Nou pral aproche youn lòt piti piti

Jiskaske ou kriye(Fonsí!)

E bliye pròp non ou(DY)

Tou dousman

Comments
Welcome to Lyricf comments! Please keep conversations courteous and on-topic. To fosterproductive and respectful conversations, you may see comments from our Community Managers.
Sign up to post
Sort by
Show More Comments
Luis Fonsi
  • country:Puerto Rico
  • Languages:Spanish, English, Portuguese, Chinese
  • Genre:Latino, Reggaeton
  • Official site:http://www.luisfonsi.com/
  • Wiki:http://es.wikipedia.org/wiki/Luis_Fonsi
Luis Fonsi
Latest update
Copyright 2023-2024 - www.lyricf.com All Rights Reserved